Apokalips 14:8
Yon dezyèm zanj t'ap swiv premie a, li t'ap di: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Li te fè moun tout nasyon yo bwè nan diven l' lan ki fò anpil, li fè yo bwè diven gwo imoralite li a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 51:7Babilòn te tankou yon gode fèt an lò nan men mwen. Li t'ap fè tout nasyon sou latè sou. Yo bwè nan diven l' lan, y'ap depale.
Ezekiel 16:15Men, ou kite bèlte ou la fè ou pèdi tèt ou. Ou pwofite dèske tout moun ap nonmen non ou lan pou ou lage kò ou nan dezòd, ou kouche ak dènye moun k'ap pase. Ou lage kò ou ba yo.
Nahum 3:19Pa gen renmèd pou ou pou jan ou donmaje a. Pa gen gerizon pou malenng ou a. Tout moun ki va pran nouvèl la va kontan, y'a bat men. Paske, ak tout mechanste ou yo, pa gen moun ou pa t' fè pase mizè.
Revelation 13:15Dezyèm bèt la resevwa pouvwa pou l' te fè estati premie bèt la tounen vivan. Konsa, estati a ka pale, li ka touye moun ki pa adore li.
Revelation 17:2Wa latè yo lage kò yo nan dezòd avè l': Tout moun ki rete sou latè te sou ak diven movèz vi li a.
Revelation 18:2Li t'ap pale byen fò, li t'ap di konsa: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Koulye a, se la denmon rete. Se la tout kalite move lespri al kache kò yo. Se la tout kalite vie zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, zwazo moun fèt pou rayi, rete.