Apokalips 15:2
Apre sa, mwen wè yon bagay ki te tankou yon lanmè fèt an kristal mele ak dife. Mwen wè tou moun ki te genyen nan batay yo t'ap mennen kont bèt la, kont estati l' la, kont moun ki gen yon nimewo ki koresponn ak non l' lan. Yo tout yo te kanpe bò lanmè kristal la, yo te gen nan men yo gita Bondye te ba yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezekiel 22:30Mwen chache nan mitan yo yon moun ki ta ka bati yon miray, ki ta ka kanpe kote miray yo ap kraze a, pou pran defans peyi a lè m'a fè kòlè pou m' detwi l', men mwen pa jwenn pesonn.
1 Peter 1:7Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l' bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt.
Revelation 4:6Devan fòtèy la tou te gen yon bagay ki te sanble yon lanmè an glas ki klere kou kristal. Toupre fòtèy la, te gen kat bèt vivan kanpe yonn nan chak direksyon. Yo te gen anpil je devan kou dèyè.
Revelation 11:11Nan mitan katriyèm jou a, Bondye te soufle sou yo pou l' ba yo lavi. Souf Bondye a antre nan yo: yo leve vivan ankò. Tout moun ki te wè yo te pè anpil.
Revelation 13:14Moun ki rete sou latè yo te pèdi tèt yo lè yo wè mirak yo te ba l' dwa fè devan je premie bèt la. Li mande yo pou yo fè yon estati bèt ki te blese amò ak kout nepe a men ki te byen vivan an.
Revelation 21:18Miray la te bati an jasp. Lavil la menm te an bon lò, li te klere kou kristal.