Apokalips 15:7
Yonn nan kat bèt vivan yo bay sèt zanj yo sèt gode fèt an lò ki te plen ak kòlè Bondye ki vivan pou tout tan an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 75:8(075:9) Seyè a kenbe yon gode nan men l'. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak.
1 Thessalonians 1:9Okontrè, yo tout ap rakonte jan nou te resevwa m' lè m' te rive lakay nou, jan nou te kite zidòl yo pou n' tounen vin jwenn Bondye, pou nou te ka sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.
Revelation 5:8Lè li pran liv la, kat bèt vivan yo ansanm ak vennkat granmoun yo tonbe ajenou devan ti Mouton an. Yo chak te gen nan men yo yon gita pou fè mizik ak yon gode fèt an lò ki te plen lansan. Lansan an se lapriyè moun Bondye yo.
Revelation 15:1Apre sa, mwen wè yon lòt siy nan sièl la, yon gwo siy ki pou fè moun sezi: sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite. Se te sèt dènye kalamite yo. Apre yo, Bondye ap sispann fè kòlè.
Revelation 21:9Yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode plen ak sèt dènye kalamite yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral moutre ou lamarye a, fiyanse ti Mouton an.