Apokalips 16:11
Yo t'ap joure Bondye nan sièl la poutèt doulè ak malenng yo t'ap soufri yo. Men, yo pa t' sispann fè mal yo t'ap fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezra 1:2-Mwen menm Siris, wa peyi Pès, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon tanp pou li lavil Jerizalèm, nan peyi Jida.
Ezra 6:10Konsa, y'a ka ofri sakrifis santi bon ki va fè Seyè a plezi. Y'a lapriyè pou wa a ak pou pitit li yo.
Ezra 7:21Mwen menm, wa Atagzèsès, mwen pase lòd bay tout trezorye leta ki nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo bay Esdras, prèt la, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la, tou sa l'a mande yo san pran reta,
Nehemiah 1:4Lè m' tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la.
Psalms 136:26Di Bondye ki anwo nan syèl la mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Daniel 2:44Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan.