Apokalips 16:12
Sizièm zanj lan vide gode pa l' la nan gwo larivyè Lefrat la. Riviè a cheche pou l' te ka kite wa ki soti bò kote solèy leve yo pase.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 8:7mwen menm, Seyè a, m'ap fè wa peyi Lasiri a vin atake yo ak tout fòs li. L'ap vini tankou dlo gwo larivyè Lefrat la lè l'ap desann. L'ap gonfle, l'ap debòde sou tout rivaj li yo.
Isaiah 41:2Kilès ki te fè chèf la soti bò solèy leve, ki te fè l' genyen nan tout batay kote l' pase? Kilès ki te lage tout nasyon yo nan men l', ki soumèt tout wa yo devan l'? Avèk nepe li, li kraze yo fè yo tounen pousyè. Avèk flèch li yo, li fè yo kouri tankou pay van ap gaye.
Isaiah 42:15Mwen pral ravaje tout mòn yo, gwo kou piti. Mwen pral fè tout plant yo ak tout pyebwa yo cheche. Mwen pral fè tè nan fon yo tounen sab lanmè pou bwè tout dlo larivyè yo. M'ap cheche lagon dlo yo.
Isaiah 46:11Mwen rele yon nonm mwen te chwazi soti nan yon peyi byen lwen bò solèy leve. Tankou yon malfini, li pral vini, li pral fè travay mwen ba l' fè a. Depi mwen di yon bagay, se pou l' fèt. Depi mwen fè lide fè yon bagay, fòk li fèt.
Jeremiah 51:36Se konsa Seyè a pale ak moun Jerizalèm yo, li di yo: Se mwen menm k'ap pran kòz nou nan men. Mwen pran sou kont mwen pou m' fè yo peye sa yo fè nou. M'ap fè sous dlo lavil Babilòn yo cheche. P'ap gen yon tak dlo nan rivyè l' yo.
Daniel 11:43L'ap pran tout richès peyi Lejip la pou li: lò, ajan ak tout bèl bagay ki koute chè yo. L'ap fè moun Libi yo ak moun Letiopi yo bat ba devan li.