Apokalips 16:2
Premie zanj lan pati, li vide gode pa l' la sou latè. Menm lè a, moun ki te gen mak bèt la sou yo, moun ki t'ap adore estati l' la, yo tout te kouvri ak move malenng ki t'ap fè yo soufri anpil.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 7:15Seyè a p'ap kite ankenn maladi tonbe sou nou. Li p'ap janm voye sou nou move epidemi nou te wè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo. L'ap kite sa pou tout moun ki pa vle wè nou yo.
1 Samuel 5:6Seyè a t'ap manyen ak pèp lavil Asdòd la, li te mete yo vant ba. Li fè yon bann gwo bouton soti sou yo ak sou moun ki t'ap viv nan vwazinaj lavil la.
2 Chronicles 21:15Ou menm pou tèt pa ou, ou pral malad anpil. Ou pral gen yon sèl maladi vant ki pral fè ou soufri jouk trip ou va soti.
Job 2:7Lamenm, Satan vire do l', li ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l' jouk nan po tèt li.
Isaiah 1:5Poukisa n'ap plede fè tèt di konsa? Pa gen kote ankò pou yo frape nou. Tout tèt la malad. Pa gen kò ankò pou sipòte.
Isaiah 3:24Yo p'ap sèvi ak odè ankò, y'ap santi move. Yo p'ap sèvi ak bèl senti ankò. Y'a mare ren yo ak kòd. Yo p'ap gen cheve pou yo fè bèl kwafi, tèt yo va kale tou blanch. Yo p'ap gen bèl rad pou mete sou yo, y'a vlope kò yo nan sak. Yo p'ap fè figi yo bèl ankò. Y'ap tanpe yo nan figi ak fè wouj tankou esklav.