Apokalips 16:9
Yon gwo chalè t'ap boule moun. Moun menm pran joure Bondye ki te gen pouvwa sou tout kalamite sa yo. Men, atousa, yo te refize sispann fè peche pou yo te fè lwanj Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 7:19Jozye di Akan konsa: -Pitit mwen, fè lwanj Seyè a! Moutre ou gen respe pou Bondye pèp Izrayèl la! Koulye a, di m' kisa ou fè. Pa kache m' anyen.
2 Chronicles 28:22Pandan tout tan yo t'ap kraze l' konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Seyè a.
Isaiah 8:21Moun pral pwonmennen mache nan tout peyi a, y'ap dekouraje, y'ap grangou. Grangou pral fè yo move, y'a rive rele madichon pou wa yo a ansanm ak Bondye yo a. Y'a leve je yo gade nan syèl,
Jeremiah 6:29Y'ap vante dife a byen fò nan fòj la. Dife a fè tout plon yo disparèt. Men, pou pèp mwen an, ou te mèt fonn yo sou fonn, kras yo p'ap soti, move grenn yo p'ap disparèt.
Ezekiel 24:13Jerizalèm, lawouj la se vye malpwòpte ou t'ap fè nan libètinaj ou yo. Mwen te soti pou m' te mete ou nan bon kondisyon, men ou pa rive fin nan bon kondisyon an nèt. Se poutèt sa, ou p'ap janm nan bon kondisyon ankò toutotan mwen pa fè ou santi tou sa mwen ka fè ou nan kòlè mwen.
Amos 4:6Se mwen menm ki te fè grangou tonbe sou tout lavil nou yo, kifè nou pa t' ka jwenn manje lakay nou. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.