Apokalips 17:14
Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chèf tout chèf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avèk moun pa l' yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak li.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Yo toulèdis gen menm lide nan tèt yo, y'ap renmèt pouvwa yo ak otorite yo bay bèt la.
Cross References
Psalms 2:8Mande m', m'a ba ou tout nasyon yo pou eritaj ou. M'a ba ou tout latè pou bitasyon ou.
Psalms 110:5Seyè a kanpe sou bò dwat ou. Lè l' ankòlè l'ap krabinen wa yo.
Psalms 136:3Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Proverbs 8:15Se mwen ki bay wa yo ladrès pou yo kòmande. Se mwen ki fè chèf yo pase bon lòd pou pa gen lenjistis.
Jeremiah 1:19Yo tout pral leve dèyè ou. Men, yo p'ap ka fè ou anyen. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m' delivre ou. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Daniel 2:44Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan.