The Bible Software
bible.software › Apokalips › Apokalips 17 › Apokalips 17:6

Apokalips 17:6

Mwen wè fanm lan te sou tèlman li te bwè san moun k'ap sèvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lè m' wè l', mwen te sezi anpil.

Bib La

In The King James Version

And I saw the woman drunken with the blood of the saints, and with the blood of the martyrs of Jesus: and when I saw her, I wondered with great admiration.

In Context

5Te gen yon non ekri sou fwon li ki te gen yon sans kache: Gwo Babilòn, manman jennès yo ansanm ak tout bagay sal k'ap fèt sou latè.

7Men, zanj lan di mwen: Poukisa ou sezi konsa? Mwen pral ba ou yon sekrè, mwen pral fè ou konnen ki sans pou ou bay fanm lan ansanm ak bèt k'ap pòte l' la, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn lan.

Read all of Apokalips 17

Cross References

Daniel 7:21Antan m'ap gade konsa, mwen wè ti kòn lan pran fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo. Li fè yo soumèt devan li.

Habakkuk 1:13Ou twò bon pou ou kite moun ap fè mechanste devan je ou konsa! Ou pa ka rete ap gade moun ap fè lenjistis devan ou konsa! Ki jan ou fè rete ap gade bann moun trèt sa yo? Poukisa ou pa di anyen lè mechan yo ap fini ak moun ki pi inonsan pase yo?

Revelation 2:13Mwen konnen kote ou rete a se la Satan chita. Ou pa lage m', ou pa pèdi konfians ou gen nan mwen an, menm lè yo te fè touye Antipas ki mouri poutèt mwen la nan mitan nou, nan lavil kote Satan rete a.

Revelation 12:11Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pa t' renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.

Revelation 13:15Dezyèm bèt la resevwa pouvwa pou l' te fè estati premie bèt la tounen vivan. Konsa, estati a ka pale, li ka touye moun ki pa adore li.

Revelation 18:20Ou menm, sièl la, ou mèt kontan pou sa ki rive lavil la! Nou menm pèp Bondye a, apòt yo, pwofèt yo, nou mèt kontan tou! Paske, Bondye peni li pou sa l' te fè nou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Apokalips 17:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Apokalips 17:5Apokalips 17Apokalips 17:7 →