The Bible Software
bible.software › Apokalips › Apokalips 17 › Apokalips 17:8

Apokalips 17:8

Bèt ou wè a te vivan yon lè. Koulye a li pa vivan ankò. Li gen pou l' moute soti nan gwo twou san fon an, apre sa pou li al mouri nèt. Moun ki rete sou latè ki pa t' gen non yo ekri depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo pral sezi anpil lè y'a wè bèt la. Paske li te vivan nan tan lontan, koulye a li pa la, men li gen pou l' parèt ankò.

Bib La

In The King James Version

The beast that thou sawest was, and is not; and shall ascend out of the bottomless pit, and go into perdition: and they that dwell on the earth shall wonder, whose names were not written in the book of life from the foundation of the world, when they behold the beast that was, and is not, and yet is.

In Context

7Men, zanj lan di mwen: Poukisa ou sezi konsa? Mwen pral ba ou yon sekrè, mwen pral fè ou konnen ki sans pou ou bay fanm lan ansanm ak bèt k'ap pòte l' la, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn lan.

9Se koulye a pou moun fè wè yo gen lespri ak bon konprann. Sèt tèt yo, se sèt ti mòn kote fanm lan chita a. Se sèt wa tou yo ye.

Read all of Apokalips 17

Cross References

Daniel 7:11Antan mwen t'ap gade, mwen tande vwa ti kòn lan ki t'ap pale byen fò avèk awogans. Antan m'ap gade konsa, yo touye katriyèm bèt la, yo pran kadav li, yo voye l' nan dife a, li boule nèt.

Daniel 11:45L'ap moute gwo tant li a ant lanmè a ak mòn kote tanp Bondye a kanpe a. Men, l'ap mouri, p'ap gen pesonn pou pote l' sekou.

John 17:24Papa, se ou ki te ban mwen yo. Mwen ta vle pou yo toujou avè m' kote m' prale a, pou yo ka wè pouvwa mwen, pouvwa ou te ban mwen an, paske ou te renmen m' depi lontan anvan ou te kreye tout bagay.

Ephesians 1:4Byen lontan anvan Bondye te kreye lemonn, li te chwazi nou nan Kris la pou nou te kapab viv apa pou li, pou n' te san repwòch devan li. Nan renmen li renmen nou an,

Titus 1:2pou yo ka gen espwa resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa janm manti, li te pwòmèt lavi sa a depi lontan anvan li te kreye tout bagay.

Revelation 3:5Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m' devan Papa mwen ak devan zanj li yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Apokalips 17:8

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Apokalips 17:7Apokalips 17Apokalips 17:9 →