Apokalips 18:10
Y'a rete byen lwen tèlman yo pral pè l' y'a wè jan li pral soufri a. Y'a di konsa: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Ou menm Babilòn, lavil ki fò a, yon sèl moman kont pou peni ou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 16:34Tout moun nan pèp la ki te la pran kouri lè yo tande jan moun yo t'ap rele. Yo t'ap di: -Ann kouri pou tè a pa vale nou tou.
Jeremiah 30:7Ala malè, mezanmi! Se yon gwo jou malè k'ap vini. Pa gen jou ki ka parèt devan li. Se va yon tan lafliksyon pou fanmi Jakòb la! Men, y'a chape anba l'.
Joel 1:15Ala yon gwo jou papa! Jou Seyè a pa lwen rive. Se jou Bondye ki gen tout pouvwa a ap vini kraze brize. Jou sa a ap bay gwo lapenn.
Revelation 14:8Yon dezyèm zanj t'ap swiv premie a, li t'ap di: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Li te fè moun tout nasyon yo bwè nan diven l' lan ki fò anpil, li fè yo bwè diven gwo imoralite li a.
Revelation 18:8Se poutèt sa, tout kalamite l' yo ap tonbe sou li yon sèl jou: gwo maladi, lapenn ak grangou. Dife ap boule li nèt. Paske, Bondye k'ap jije l' la se yon Mèt ki gen pouvwa.
Revelation 18:19Yo pran tè jete sou tèt yo, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn, yo t'ap rele: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Tout moun ki gen bato sou lanmè te fin rich ak richès li yo. Nan yon sèl moman li pèdi tout sa l' te genyen!