Apokalips 18:14
Kòmèsan yo t'ap di lavil la: Tout bèl machandiz ou te vle genyen yo disparèt lakay ou. Ou pèdi tout richès ou yo ak tout bèl bagay ou te gen an kantite. Ou p'ap janm jwenn yo ankò!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 11:34Yo rele kote sa a: Simityè Grangou, paske se la yo te antere tout moun nan pèp la ki t'ap plenyen pou vyann.
Psalms 106:14Yo kite lanvi pran pye sou yo nan dezè a, yo t'ap gade ki bò Bondye ye ak yo.
Luke 16:25Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Koulye a, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri.
James 4:2Nou anvi yon bann bagay. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, nou pare pou nou touye moun. Nou anvi sa ki pa pou nou. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, se fè kont, se goumen. Si nou pa jwenn sa nou bezwen an, se paske nou pa mande Bondye.