Apokalips 18:17
Yon sèl moman kont pou l' te pèdi tout richès sa yo! Tout kaptenn bato ak pasaje yo, marin yo ansanm ak tout moun k'ap chache lavi yo sou lanmè, yo tout te rete byen lwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 23:14Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou, paske yo detwi gwo pò nou an!
Jeremiah 51:8Men Babilòn rete konsa li tonbe, li kraze. Plenn sò li! Chache renmèd pou doulè l' yo. Nou pa janm konnen, li ka geri.
Ezekiel 27:27Tout richès ou yo, tout machandiz ou yo, ak tout pwovizyon ou yo ansanm ak tout maren ak tout moun k'ap travay pou ou yo, bòs chapant ki pou fè reparasyon pou ou yo, machann ou yo, tout sòlda ki te abò ou yo ansanm ak tout foul moun ki te nan batiman an, yo tout, wi, yo tout pèdi nan lanmè lè batiman ou lan koule.
Revelation 17:16Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l' genyen, y'a kite l' toutouni, y'a manje viann li, y'a boule l' nan dife.
Revelation 18:19Yo pran tè jete sou tèt yo, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn, yo t'ap rele: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Tout moun ki gen bato sou lanmè te fin rich ak richès li yo. Nan yon sèl moman li pèdi tout sa l' te genyen!