Revelation 18:2
Li t'ap pale byen fò, li t'ap di konsa: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Koulye a, se la denmon rete. Se la tout kalite move lespri al kache kò yo. Se la tout kalite vie zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, zwazo moun fèt pou rayi, rete.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 11:16otrich, janmichèt, poul dlo, grigri, ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan,
Isaiah 14:23M'ap fè lavil Babilòn tounen yon marekay. Se zagoudi ase k'ap rete la. Mwen pral bale sa byen bale. M' p'ap kite anyen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale.
Isaiah 34:11Se la koukou ak frize pral fè nich yo. Se la kaou ak malfini pral rete. Seyè a pral fè l' tounen yon dezè san anyen ladan li.
Jeremiah 50:39Se poutèt sa, se chat mawon ak vye bèt nan bwa ki pral rete nan peyi sa a. Se la gwo zwazo otrich yo pral rete. P'ap janm gen moun rete ladan l' ankò pou tout tan, jouk sa kaba.
Jeremiah 51:37Lavil Babilòn ap tounen yon pil mazi kote bèt nan bwa rete, yon dezè kote pesonn pa rete. Tout moun k'ap wè sa pral sezi, y'a mete men nan tèt.
Joel 3:16Seyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale byen fò. Syèl la ak latè a ap tranble. Men, se Seyè a k'ap pwoteje pèp li a. Se li k'ap pran defans moun Izrayèl yo.