Apokalips 18:4
Apre sa, mwen tande yon lòt vwa ki t'ap soti nan sièl la, li t'ap di: Nou menm pèp mwen, wete kò nou nan mitan lavil sa a, pou nou pa patisipe nan peche l' yo, pou nou pa tonbe ansanm avè l' anba kalamite ki pral frape li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Paske, peche l' yo fè pil sou pil rive jouk nan sièl la. Bondye chonje tou sa li fè ki mal.
Cross References
Genesis 19:12De mesye yo pale ak Lòt, yo di l' konsa. Ki moun ankò ou gen nan lavil la? Pran bofi ou yo, pitit gason ou yo, ak pitit fi ou yo ansanm ak tout bagay ou gen nan lavil la, mete kò ou deyò.
Psalms 50:18Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.
Isaiah 52:11Wete kò nou nan lavil Babilòn! Wete kò nou! Pati ale! Pa manyen anyen nou pa dwe manyen! Wete kò nou nan mitan lavil la. Mete nou nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, nou menm k'ap pote veso ki apa pou sèvis Seyè a.
Jeremiah 51:6Kouri kite lavil Babilòn! Kouri chape kò nou. Pa kite yo touye nou pou mechanste moun pa li yo. Lè a rive pou m' tire revanj mwen. M'ap pini l' pou sa li fè m' lan.
Jeremiah 51:50Seyè a pale ak moun pèp Izrayèl yo ki lavil Babilòn. Li di yo konsa: -Nou menm ki te chape anba lanmò, ale, pa rete! Nou te mèt byen lwen lakay nou, mete lide nou sou mwen, chonje lavil Jerizalèm!
Matthew 24:15Pwofèt Danyèl te pale sou bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan. Enben, nou gen pou nou wè bagay sa a chita kote ki rezève nan tanp lan apa pou Bondye. (Se pou moun k'ap li a chache konprann.)