Apokalips 18:7
Jan li fè lwanj tèt li, jan li pran plezi l', se konsa tou pou n' fè l' soufri, pou nou ba l' anpil lapenn. Li t'ap di nan kè l': Kote m' chita a, se larenn mwen ye. Mwen pa pèdi mari m', mwen p'ap janm gen lapenn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 45:9(045:10) Pami medam k'ap sèvi lakay ou yo anpil ladan yo se pitit fi wa yo ye. Sou bò dwat ou, larenn lan kanpe byen bèl. Li gen sou li bijou fèt an lò ki soti peyi Ofi.
Isaiah 47:1Ou menm, lavil Babilòn, desann sou fotèy ou a! Al chita atè nan pousyè! Yon lè, ou te tankou yon jenn tifi. Wi, kapital moun peyi Kalde yo pral chita atè plat, yo p'ap janm konsidere ou ankò tankou yon bèl tifi ki renmen plezi, ki pa nan leve ni lou ni lejè.
Jeremiah 13:18Seyè a di m' konsa: -Pale ak wa a ansanm ak manman l'. Di yo desann soti sou fotèy yo, paske bèl kouwòn ki te sou tèt yo a tonbe atè.
Ezekiel 23:34W'ap bwè tout, w'ap kite l' vid. Lèfini, w'ap kraze l' anba dan ou! Moso yo pral filange tete ou. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Zephaniah 2:15Men sa ki pral rive lavil kote moun t'ap pran plezi yo, lavil kote moun te mete nan tèt yo anyen pa ka rive yo, lavil kote moun yo t'ap di nan kè yo: Se mwen menm sèl chèf! Pa gen lòt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè yo wè sa ki rive.