The Bible Software
bible.software › Apokalips › Apokalips 18 › Apokalips 18:9

Apokalips 18:9

Tout wa latè ki te lage kò yo nan fè imoralite ak nan pran plezi avè l' yo pral rele, yo pral kriye, yo pral plenn sò lavil la, lè y'a wè lafimen dife k'ap boule l' la.

Bib La

In The King James Version

And the kings of the earth, who have committed fornication and lived deliciously with her, shall bewail her, and lament for her, when they shall see the smoke of her burning,

In Context

8Se poutèt sa, tout kalamite l' yo ap tonbe sou li yon sèl jou: gwo maladi, lapenn ak grangou. Dife ap boule li nèt. Paske, Bondye k'ap jije l' la se yon Mèt ki gen pouvwa.

10Y'a rete byen lwen tèlman yo pral pè l' y'a wè jan li pral soufri a. Y'a di konsa: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Ou menm Babilòn, lavil ki fò a, yon sèl moman kont pou peni ou!

Read all of Apokalips 18

Cross References

Genesis 19:28Li voye je l' bò Sodòm ak Gomò, li wè tout plenn lan. Epi li rete konsa li wè gwo lafimen ap moute soti nan tè a tankou lafimen k'ap leve nan yon gwo founo dife.

Psalms 58:10(058:11) Moun ki mache dwat devan Bondye gen pou yo kontan lè yo wè jan yo pini mechan yo. Y'a lave pye yo nan san mechan yo.

Isaiah 30:33Depi lontan yo te pare yon gwo twou pou dife boukan an. Se ladan l' yo pral boule wa a. Yo fè twou a byen fon, byen laj. Yo plen l' bwa. Seyè a pral soufle yon flanm dife melanje ak souf sou li pou boule l'.

Jeremiah 50:40Sa pral tankou gwo malè Bondye te voye sou lavil Sodòm ak lavil Gomò, malè ki te detwi yo ansanm ak tout ti bouk nan vwazinaj yo. Pesonn p'ap rete la, p'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Se mwen menm Seyè a wi ki di sa.

Ezekiel 26:16Tout wa peyi k'ap fè kòmès sou lanmè a ap desann soti sou fotèy yo, y'ap wete gwo manto ak bèl rad bwode ki te sou yo. Yo pral chita atè sitèlman y'ap pè. Yo pral sitèlman sezi wè sa ki rive nou, y'ap tranble san rete.

Daniel 4:14Li pale byen fò, li di konsa: Koupe pyebwa a met atè. Debranche l' nèt. Rache tout fèy li yo. Gaye tout donn li yo. Fè tout bèt soti anba lonbraj li. Fè tout zwezo vole kite branch li yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Apokalips 18:9

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Apokalips 18:8Apokalips 18Apokalips 18:10 →