Apokalips 19:1
Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun nan sièl la ki t'ap pale byen fò. Yo t'ap di: Lwanj pou Bondye nou an! Se li menm ki delivre nou. Tout onè, tout pouvwa se pou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 3:8(03:9) Se ou menm sèl, Seyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.
Psalms 111:1Lwanj pou Seyè a! M'a fè lwanj Seyè a ak tout kè m', nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini.
Psalms 146:1Lwanj pou Seyè a! Wi, kite m' fè lwanj Seyè a!
Psalms 149:1Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini!
Jonah 2:9Men, m'ap chante pou m' fè lwanj ou, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou. M'a kenbe angajman mwen te pran an. Se Seyè a ki delivrans nou.
1 Timothy 1:16Men, se poutèt sa Bondye te gen pitye pou mwen. Mwen menm ki te pi mal pase yo tout, se pou mwen Jezikri te moutre jan l' ka gen pasyans. Konsa, mwen tounen yon egzanp pou tout moun ki pita va gen pou mete konfyans yo nan li, pou yo ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an.