Apokalips 19:11
Apre sa, mwen wè sièl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serie ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 45:3(045:4) Ou menm vanyan gason, pase nepe ou nan ren ou, pou moun ka wè jan ou gen pouvwa, pou yo ka gen respè pou ou.
Psalms 72:2Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt.
Psalms 98:9Paske, l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè! L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite.
Isaiah 11:3L'a pran plezi l' pou l' obeyi Seyè a nan tout bagay. Li p'ap gade sou figi moun pou l' jije yo. Li p'ap rete sou sa yo vin di l' pou l' rann jijman.
Isaiah 45:21Vin plede kòz nou! Mete tèt nou ansanm pou nou konnen sa nou pral di! Kilès moun ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè konnen sa depi lontan? Se pa t' mwen menm, Seyè a? Nanpwen lòt bondye pase mwen menm. Mwen se Bondye ki pa nan patipri. Se mwen ki ka delivre moun.
Jeremiah 23:5Seyè a di ankò: -Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa. L'a gouvènen yo ak bon konprann. L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a.