Apokalips 19:17
Apre sa, mwen wè yon zanj kanpe nan solèy la. Li t'ap pale ak tout zwezo k'ap vole nan sièl la, li t'ap di yo byen fò: Vini. Nou tout, sanble pou gwo manje resepsyon Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Sou rad li ak sou janm li yo te ekri non sa a: Wa tout wa yo, Chèf tout chèf yo.
Cross References
Isaiah 29:2Seyè a pral voye yon sèl lafliksyon sou lotèl Bondye a. Moun pral rele, yo pral plenn. Lavil la pral tounen yon lotèl Bondye tout bon kote y'ap ofri bèt yo touye pou li.
Isaiah 56:9Seyè a rele moun lòt nasyon yo pou yo vin devore, pou yo vin manje tankou bèt mawon ki nan savann ak bèt ki nan rakbwa.
Ezekiel 31:13Zwezo vini poze sou rès pyebwa ki atè a. Bèt nan bwa ap mache sou tout branch li yo.
Revelation 8:13Mwen gade ankò, mwen tande yon gwo malfini ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Ala de malè! Sa pral rèd nèt pou moun ki sou latè a, lè kout klewon twa lòt zanj yo va kònen.
Revelation 19:21Nepe ki t'ap soti nan bouch moun ki te moute sou chwal la te touye tout lòt yo. Tout zwezo yo te manje viann plen vant yo.