Apokalips 19:6
Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun, tankou yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò tankou yon gwo kout loraj. Mwen tande yo t'ap di: Lwanj pou Bondye! Paske Mèt la, Bondye nou ki gen pouvwa a, ap gouvènen tankou yon wa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 29:3Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a.
Psalms 47:7(047:8) Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li!
Psalms 93:1Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l'.
Psalms 97:12Nou tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè pou nou. Di l' mèsi! Li pa tankou tout moun.
Isaiah 52:7Ala bèl sa bèl lè ou wè sou mòn yo mesaje a k'ap kouri pote bon nouvèl k'ap bay kè poze a! L'ap fè konnen delivrans Bondye a. L'ap di moun Siyon yo: Se Bondye ou la k'ap gouvènen!
Ezekiel 1:24Lè bèt yo t'ap vole, mwen tande zèl yo t'ap fè yon bri. Ou ta di bri lanmè a lè li move, osinon bri vwa Seyè a lè l'ap pale, oswa bri yon gwo lame. Lè yo sispann vole, yo kite zèl yo pandye.