Apokalips 2:17
Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'a ba yo laman ki kache a. M'ap ba yo chak yon ti wòch blan ak yon lòt non ekri sou li, yon non pesonn pa konnen esepte moun ki resevwa l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 36:8(036:9) Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo.
Proverbs 14:10Lè ou nan lapenn, se ou ki konnen sa w'ap soufri. Konsa tou, lè kè ou kontan, pesonn pa ka kontan avè ou.
Isaiah 62:2Jerizalèm, tout nasyon yo va wè delivrans ou. Tout wa yo pral wè pouvwa ou. Y'a ba ou yon lòt non, non Seyè a menm va chwazi pou ou a.
Isaiah 65:15Moun mwen chwazi yo va sèvi ak non nou pou joure moun. Mwen menm Seyè a, m'a fè nou mouri. Y'a di: Se pou Seyè a touye ou tankou l' touye moun sa yo! Men, m'a bay sèvitè m' yo yon bon repitasyon.
Mark 7:16Men, se sak sot nan kè l' ki ka mete l' nan kondisyon sa a. Si nou gen zòrèy poun tande, tande.
John 6:48Se mwen menm pen ki bay lavi a.