Revelation 2:18
Ekri zanj legliz ki nan lavil Tiyati a. Di l' konsa: Men sa pitit Bondye a voye di ou, li menm ki gen je l' yo tankou de flanm dife, ak pie l' yo klere tankou kwiv poli.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 2:7Wa a di: -M'ap fè nou konnen sa Seyè a deside. Li di mwen: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a, se mwen ki papa ou.
Matthew 4:3Lè sa a, Satan pwoche bò kote l' pou sonde l'. Li di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa yo lòd pou yo tounen pen.
Matthew 27:54Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l' yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di: Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye.
John 1:14Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a.
John 3:16Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
John 3:35Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay.