Apokalips 2:22
Se poutèt sa, mwen pral lage l' jete sou yon kabann kote li pral soufri anpil. Tout moun k'ap fè adiltè avè l' yo pral soufri anpil tou, si yo pa chanje, si yo pa kite move zak y'ap plede fè ansanm avè l' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Mwen ba l' kont tan pou l' vire kite peche l' yo. Men, li pa vle kite imoralite li a.
Cross References
Jeremiah 36:3Ou pa janm konnen, lè moun peyi Jida yo va tande tout malè mwen fè lide voye sou yo, y'a konprann, y'a manyè kite move pant y'ap swiv la. Lè sa a, m'a padonnen tout mechanste ak peche yo te fè yo.
Ezekiel 18:30Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la ap di moun peyi Izrayèl yo: M'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Tounen vin jwenn mwen, sispann fè sa ki mal, pa kite peche nou yo lakòz nou mouri.
Ezekiel 23:45Men, gason ki mache dwat yo pral jije yo tankou yo jije fanm k'ap fè adiltè epi k'ap touye moun, paske yo fè adiltè, yo touye moun.
Zephaniah 3:7Mwen te kwè pèp mwen an ta gen yon ti krentif pou mwen. Leson an ta sèvi yo. Yo pa ta janm bliye sa m' te fè yo pase. Men, se lè sa a yo lage kò yo pi rèd nan fè sa ki mal.
Luke 13:5Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou.
2 Timothy 2:25Se pou l' korije moun ki pa dakò avè l' avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a.