Apokalips 2:27
menm jan Papa m' te ban m' pouvwa sa a tou. Y'a gouvènen nasyon yo ak yon baton fè, y'a kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze.
Bib La
In The King James Version
In Context
28M'a ba yo bèl zetwal ki klere chak maten an tou.
Cross References
Psalms 49:14(049:15) Tankou yo mete mouton nan pak, se konsa y'ap mete yo kote mò yo ye a. Yo pral tou dwat nan simityè, se lanmò ki pral pran swen yo. Bèl kou yo bèl, y'ap tounen pousyè. Se kote mò yo ye a y'ap rete.
Isaiah 30:14N'ap tonbe an miyèt moso tankou kannari kraze. P'ap menm gen yon moso ki ka sèvi pou ranmase chabon dife osinon pou al chache dlo nan sous.
Daniel 7:22Lè sa a, granmoun ki te la depi nan konmansman an parèt. Li rann jijman an favè moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Jou a te rive pou pèp Bondye a te resevwa pouvwa a nan men yo.
Luke 22:29Se poutèt sa, menm jan Papa a te ban m' dwa pou m' gouvènen nan peyi kote li wa a, mwen menm tou, m'ap ban nou dwa sa a.
Revelation 12:5Fanm lan fè yon ti pitit gason ki gen pou gouvènen tout nasyon yo ak yon baton fè. Men, yo pran ti pitit la, yo mennen l' bò kot Bondye, bò kot fòtèy la.