Apokalips 2:5
Chonje kote ou te ye anvan ou tonbe a, tounen vin jwenn Bondye. Reprann lavi ou t'ap mennen anvan an. Si ou pa tounen vin jwenn Bondye, m'ap vini kote ou ye a, m'ap wete chandelie ou la nan plas kote l' ye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: Koulye a ou pa renmen m' jan ou te renmen m' anvan an.
Cross References
Isaiah 14:12Manyè di nou non, ou menm ki te klere tankou zetwal bajou a, ki jan ou fè tonbe sot nan syèl la? Ou menm ki te konn mache ap kraze nasyon yo anba pye ou, ki jan yo fè jete ou plat atè konsa?
Ezekiel 16:61Ou menm, w'a chonje sa ou te fè, w'a wont lè w'a resevwa gran sè ak ti sè ou yo. M'ap ba ou yo pou pitit fi pa ou malgre sa pa t' nan kontra a.
Ezekiel 36:31Lè sa a, n'a chonje jan nou te mennen bak nou mal, jan nou te fè sa ki pa t' bon menm. Nou pral gen degoutans pou tèt nou paske nou te fè mechanste ak anpil bagay lèd devan Bondye.
Hosea 14:1Tounen vin jwenn Bondye nou non, nou menm pitit Izrayèl yo! Se peche nou yo ki te fè nou tonbe.
Malachi 4:6Li gen pou l' fè papa byen ankò ak pitit, pitit vin byen ankò ak papa. Si se pa sa, m'ap vini, m'ap detwi peyi nou an nèt ale.
Matthew 24:48Men, si domestik sa a se yon move moun, l'ap di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini.