Apokalips 2:7
Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan piebwa ki bay lavi a, piebwa ki nan mitan jaden Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:22Apre sa, Seyè a, Bondye a, di. Koulye a, Adan vin konnen sa ki byen ak sa ki mal tankou yonn nan nou. Nou p'ap kite l' lonje men l' keyi fwi pyebwa ki bay lavi a pou l' manje l', pou l' pa viv pou tout tan.
Proverbs 11:30Lè ou mache dwat, sa fè moun viv. Lè ou gen bon konprann, ou sove lòt moun.
Proverbs 15:4Bon pawòl yon zanmi bay lavi. Men, move pawòl demanbre.
Ezekiel 31:8Nan jaden Bondye a, pa t' gen pye sèd tankou l'. Okenn pye pichpen pa t' gen branch tankou pa l' yo. Okenn pye sikren pa t' gen ti branch konsa. Nan jaden Bondye a, pa t' gen bèl pyebwa tankou l'.
Matthew 13:9Apre sa, Jezi di yo: Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande.
Mark 7:15Se pa bagay deyò ki antre anndan yon moun lè l'ap manje ki kapab mete l' nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye.