Apokalips 20:12
Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 28:4Pini yo pou sa yo fè, pou tou sa yo fè ki mal. Pini yo pou tou sa yo fè, ba yo sa yo merite.
Psalms 69:28(069:29) Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo.
Proverbs 24:29Pa janm di li fè m', m'ap fè l' tou. M'ap fè l' peye sa li fè a.
Jeremiah 17:10Mwen menm Seyè a, mwen konnen tout lide ki nan tèt yo, mwen sonde santiman ki nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre jan yo mennen bak yo.
Daniel 7:10Dife t'ap koule soti nan fotèy la devan li tankou yon larivyè. Te gen mil milye moun la ki t'ap sèvi l'. Te gen dimil milyon moun kanpe la devan l'. Tribinal la te pare pou jijman an. Yo louvri liv yo.
Matthew 16:27Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l' la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.