Apokalips 20:14
Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. (Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a).
Bib La
In The King James Version
And death and hell were cast into the lake of fire. This is the second death.
In Context
Cross References
Hosea 13:14Mwen p'ap sove pèp la anba lanmò. Mwen p'ap anpeche yo desann nan peyi kote mò yo ye a. Annavan, lanmò! Vini ak tout malè ou yo! Nou menm ki chèf nan peyi kote mò yo ye a, vin detwi pèp la. Mwen p'ap janm gen pitye pou pèp sa a ankò.
1 Corinthians 15:53Paske, moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap ka pouri. Moun ki gen kò k'ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap janm mouri.
Revelation 19:20Yo fè bèt la prizonie ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l' lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t'ap adore estati l' la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y'ap boule souf la.
Revelation 20:10Lè sa a, yo pran Satan ki te alatèt yo, yo jete l' nan lètan dife ak souf la, menm kote yo te deja jete bèt la ak fo pwofèt la. Yo pral soufri anpil, lajounen kou lannwit pou tout tan.
Revelation 20:15Tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.
Revelation 21:8Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.