Apokalips 20:3
Zanj lan voye l' jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p'ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil (1.000) lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l' ankò pou yon ti tan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Daniel 6:17Yo pote yon gwo wòch. Yo mete l' anwo bouch twou a pou fèmen l'. Lèfini, yo mete sele sou li, wa a siyen l' ansanm ak lòt chèf yo. Konsa, pesonn pa ta ka vin sove Danyèl.
Matthew 27:66Y ale. Pou yo pi asire kavo a te byen fèmen, yo poze sele sou wòch ki te devan bouch kavo a, epi yo mete eskwad gad la veye li.
2 Corinthians 11:13Moun sa yo, se pòz apòt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou travay yo, y'ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la.
2 Peter 3:8Men nou menm, frè m' renmen anpil yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: Pou Bondye, yon jou se tankou mil (1.000) an, milan se tankou yon jou.
Revelation 13:14Moun ki rete sou latè yo te pèdi tèt yo lè yo wè mirak yo te ba l' dwa fè devan je premie bèt la. Li mande yo pou yo fè yon estati bèt ki te blese amò ak kout nepe a men ki te byen vivan an.
Revelation 17:2Wa latè yo lage kò yo nan dezòd avè l': Tout moun ki rete sou latè te sou ak diven movèz vi li a.