Apokalips 22:1
Apre sa, zanj lan moutre m' yon gwo larivyè dlo ki t'ap koule soti anba fòtèy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 46:4(046:5) Gen yon gwo dlo larivyè k'ap koule pou fè kè moun kontan nan lavil Bondye a, sèl kote ki apa nèt pou Bondye ki anwo nan syèl la.
Isaiah 48:18Si sèlman nou te swiv lòd mwen te ban nou yo, benediksyon ta vide sou nou tankou lapli k'ap tonbe. Tankou lanmè ki pa janm sispann voye lanm, m' pa ta janm sispann kanpe pou nou!
Jeremiah 2:13Paske pèp mwen an fè de kalite peche: Yo vire do ban mwen, mwen menm sous dlo fre a. Y' ale fè rezèvwa pou dlo. Rezèvwa yo tou fann, yo pa ka kenbe dlo.
Ezekiel 47:1Apre sa, nonm lan mennen m' tounen devan pòtay pou antre nan Tanp lan. Mwen wè yon dlo k'ap soti anba papòt kay la, li t'ap koule nan direksyon solèy leve. Se nan direksyon sa a pòtay Tanp lan te bay tou. Dlo a t'ap koule desann soti anba fondasyon ki sou bò sid Tanp lan, li pase adwat sou bò sid lotèl la.
John 4:10Jezi reponn li: Si ou te konnen sa Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo pou bwè a, se ou menm ki ta mande l' ba ou ti gout dlo bwè. Lè sa a, li ta ka ba ou nan dlo ki bay lavi a.
John 7:38Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wè gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule soti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la.