Apokalips 22:16
Mwen menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou anonse nou bagay sa yo nan legliz yo. Mwen soti nan ras David. Mwen se bèl zetwal k'ap klere chak maten an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 24:17Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l' pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap soti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Moab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo.
Zechariah 6:12Lèfini, w'a pale avè l', w'a di l': Men sa Seyè a di: Men moun yo rele Boujon an. Li pral pouse kote li ye a. Li pral rebati kay ki apa pou Seyè a.
Matthew 2:2Yo t'ap mande: Kote wa jwif ki fenk fèt la? Nou wè zetwal li parèt depi nan peyi nou an, nou vin adore li.
Matthew 22:42Dapre nou, kisa Kris la ye? Pitit kilès li ye? Yo reponn li: Li se pitit pitit David!
Luke 1:78Tou sa, paske Bondye nou an gen kè sansib, li renmen nou anpil. L'ap fè yon limyè soti anwo vin klere nou tankou solèy k'ap leve.
Romans 1:3Bon Nouvèl sa a pale nou sou Pitit li a, Jezikri, Seyè nou an. Lè pou l' te fèt tankou yon moun, Jezi soti nan fanmi wa David.