Apokalips 22:17
Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l' gratis.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 2:3Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y'a di: -Ann ale sou mòn Seyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n'a mache nan chemen l'ap mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a.
Isaiah 12:3Menm jan kè pèp la kontan lè y' apral pran dlo nan sous, se konsa y'a kontan lè Bondye ap delivre yo.
Isaiah 55:1Vini non, nou tout ki swaf dlo. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte diven ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye!
Micah 4:2Anpil moun lòt nasyon va vini, y'a di: Ann ale sou mòn Seyè a! Ann ale nan tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa, n'a mache nan chemen l'a mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Seyè a rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a.
John 1:37De patizan yo tande sa Jan t'ap di a, yo pran swiv Jezi.
John 4:10Jezi reponn li: Si ou te konnen sa Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo pou bwè a, se ou menm ki ta mande l' ba ou ti gout dlo bwè. Lè sa a, li ta ka ba ou nan dlo ki bay lavi a.