Apokalips 22:9
Men, li di mwen: Non pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki pwofèt Bondye, ansanm ak tout moun k'ap obeyi pawòl ki nan liv sa a. Se Bondye pou ou adore.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 34:14Nou pa fèt pou nou sèvi lòt bondye paske mwen menm, Seyè a, yo rele m' Bondye ki fè jalouzi. Mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil.
2 Kings 17:36Se mwen menm Seyè a pou nou sèvi, mwen menm Bondye nou an ki te fè nou soti kite peyi Lejip ak gwo kouraj mwen, ak fòs ponyèt mwen. Se mwen menm sèlman pou nou sèvi, pou nou adore. Se pou mwen ase pou nou ofri bèt pou touye.
Matthew 4:9Li di l' konsa: M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m' pou ou adore m'.
John 4:22Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sèvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sèvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap soti.
1 John 5:20Nou konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N'ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p'ap janm fini an.
Revelation 9:20Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa t' mouri anba kalamite sa yo, pa t' sispann adore Satan ak zidòl fèt an lò, an ajan, an bwonz, an wòch oswa an bwa, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka mache.