Apokalips 3:1
Ekri zanj legliz ki nan lavil Sad la. Di l' konsa: Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo voye di ou: Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen tout moun konprann ou vivan. Men, ou mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Luke 15:32Men, fòk kanmenm nou te fè fèt, nou pa t' ka pa kontan, paske frè ou la te mouri, men li tounen vivan, li te pèdi, mwen jwenn li koulye a.
John 1:33Lè sa a, mwen pa t' ankò konnen ki moun li te ye. Men, Bondye ki te voye m' batize nan dlo a, te di m': Wa wè Lespri Bondye a desann. La rete sou tèt yon nonm: Se li menm ki gen pou batize moun nan Sentespri.
John 7:37Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè.
John 20:22Apre pawòl sa yo, li soufle sou yo, li di yo: Resevwa Sentespri.
Ephesians 2:1Nou menm moun Efèz, nou te mouri poutèt mechanste ak peche nou yo.
Colossians 2:13Nan tan lontan, nou te mouri paske nou t'ap viv nan peche nou yo, paske nou pa t' sikonsi nan kò nou dapre lalwa Moyiz. Men koulye a, gremesi Kris la, Bondye ban nou lavi ankò, li padonen tout peche nou yo.