Apokalips 3:10
Menm jan ou te kenbe lòd mwen te ba ou lè m' te mande ou pou te pran pasians lan, konsa tou, m'a kenbe ou, m'a pwoteje ou nan malè ki pral vin sou tout latè a. Se va yon gwo eprèv pou tout moun ki sou latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Anvan lontan mapral vini. Kenbe sa ou genyen an fèm pou pesonn pa wete rekonpans ou nan men ou.
Cross References
Isaiah 24:17Nou menm ki rete sou latè, se kè sere, se gwo twou, se pèlen ki pare pou nou!
Zechariah 13:9Mwen pral pase rès moun sa yo nan dife. Mwen pral netwaye yo menm jan yo netwaye ajan nan dife. Mwen pral wè ki kalite moun yo ye menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon. Y'a lapriyè nan pye m', m'a reponn yo. M'a di yo se pèp pa m' yo ye. Y'a di se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo.
Matthew 24:14Fòk yo gen tan mache bay bon nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la. Se lè sa a atò lafen an va rive.
Mark 14:9Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse bon nouvèl la, y'a rakonte sa fanm lan fè la a tou pou yo pa janm bliye li.
Romans 1:8Anvan m' di nou lòt bagay, kite m' di Bondye mèsi pou nou gremesi Jezikri. Paske, toupatou sou latè y'ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye.
Ephesians 6:13Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.