Apokalips 3:12
Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap fè yo tounen yon gwo poto nan kay Bondye a. Apre sa, yo p'ap janm soti. M'a make non Bondye ansanm ak non lavil Bondye a, lòt Jerizalèm k'ap desann sot nan sièl la, sou yo. M'ap make lòt non mwen an sou yo tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Anvan lontan mapral vini. Kenbe sa ou genyen an fèm pou pesonn pa wete rekonpans ou nan men ou.
13Se pou tout moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
Cross References
1 Kings 7:21Iram mete poto yo kanpe devan pòt antre Tanp lan, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. Li rele sa ki sou bò dwat la Jaken, sa ki sou bò gòch la Boaz.
Psalms 87:3Ou menm, lavil Bondye a, tande bèl bagay y'ap di sou ou:
Jeremiah 1:18Jòdi a m'ap ba ou fòs pou kenbe tèt ak tout moun nan peyi Jida a, ak wa l' yo, ak chèf li yo, ak prèt li yo, ak tout rès pèp la. W'ap tankou yon lavil ak gwo miray ranpa, tankou yon poto fè, tankou yon miray fèt an kwiv.
Mark 12:16Yo pote yon pyès lajan ba li. Jezi mande yo: -Pòtre ki moun ak non ki moun ki sou pyès lajan an? Yo reponn li: -Se pòtre Seza ak non Seza.
Galatians 4:26Men, Jerizalèm ki nan syèl la, li lib. Se li menm ki manman nou.
Hebrews 12:22Okontrè, nou pwoche bò kot Mòn Siyon an, bò kot lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo.