Apokalips 3:14
Ekri zanj legliz ki nan lavil Lawodise a. Di l' konsa: Moun ki verite a, moun k'ap di verite a jan l' ye a san bay manti, li menm ki sous tou sa Bondye kreye a, men sa li voye di ou:
Bib La
In The King James Version
In Context
13Se pou tout moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
15Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt.
Cross References
Proverbs 8:22Seyè a te fè m' lè li te fèk konmanse ak plan travay li. Li te fè m' lontan lontan anvan tout bagay.
Isaiah 65:16Tout moun nan peyi a ki bezwen benediksyon va jwenn benediksyon nan men Bondye ki toujou kenbe pawòl li a. Tout moun nan peyi a k'ap fè sèman va fè l' nan non Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li a, paske moun yo p'ap chonje tray yo te konn pase nan tan lontan yo, m'ap bliye sa.
2 Corinthians 1:20Paske se li menm ki fè nou wè tout pwomès Bondye yo se verite. Se poutèt sa tou, gremesi Jezikri, nou ka di amèn lè n'ap fè lwanj Bondye.
Colossians 1:18Se li ki tèt legliz la, legliz la se kò li. Se li menm ki bay kò a lavi. Se li menm an premye ki te leve soti vivan nan lanmò pou l' te ka gen premye plas nan tout bagay.
Colossians 4:16Lè n'a fin li lèt sa a, voye l' bay legliz Lawodise a pou yo ka li l' tou. Nou menm tou, n'a li lèt moun Lawodise yo va voye ban nou an.
Revelation 1:11Li di m' konsa: Tou sa ou wè, ekri yo nan yon liv. Voye liv la bay sèt legliz ki nan sèt lavil sa yo: Efèz, Esmen, Pègam, Tiyati, Sad, Filadèlfi ak Lawodise.