Apokalips 3:18
Se poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m' bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m' tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m' tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 16:7M'ap fè lwanj Seyè a paske li ban m' bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di m' sa pou m' fè.
Psalms 73:24Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou.
Proverbs 1:25Anhan! Se konsa sa ye? Nou voye tout konsèy mwen te ban nou yo jete byen lwen nou. Nou refize kite m' korije nou.
Proverbs 19:20Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.
Ecclesiastes 8:2Se pou ou fè sa wa a bay lòd fè a, poutèt sèman ou te fè devan Bondye a.
Isaiah 55:1Vini non, nou tout ki swaf dlo. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte diven ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye!