Apokalips 4:5
Kout zèklè t'ap pati soti nan fòtèy la ansanm ak mizik ak kout loraj. Te gen sèt flanbo limen ki t'ap boule devan fòtèy la; se sèt Lespri Bondye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:16Sou twazyèm jou a vre, nan granmaten, loraj t'ap gwonde sou mòn lan. Te gen zèklè ak yon gwo nwaj byen pwès sou mòn lan tou. Yon twonpèt t'ap kònen byen fò. Tout moun t'ap tranble kou fèy bwa kote yo te ye a, sitèlman yo te pè.
Exodus 37:23Li fè sèt ti lanp pou lanp sèt branch lan avèk pensèt pou netwaye lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. Li fè yo ak pi bon lò ki genyen.
Psalms 18:13(018:14) Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li.
Ezekiel 1:13Nan mitan bèt yo ou ta di yon gwo boukan dife ak gwo flanm tankou flanm bwa chandèl tou limen ki t'ap ale vini. Dife a te klere anpil, te gen zèklè ki t'ap soti ladan l'.
Zechariah 4:2Li di m' konsa: -Sa ou wè la a? Mwen reponn li: -Mwen wè yon lanp sèt branch an lò ki kanpe atè. Li gen yon gwo bòl nan tèt li, avèk sèt lanp sou rebò bòl la. Chak lanp gen sèt bòbèch pou sèt mèch.
Matthew 3:11Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m'. Mwen pa bon ase menm pou m' ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife.