Apokalips 4:7
Premie a te sanble ak yon lyon. Dezyèm lan te sanble ak yon jenn ti towo bèf. Twazièm lan te gen yon figi ki te sanble ak figi moun. Katriyèm lan te sanble ak yon gwo malfini k'ap vole.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 2:2-Lè moun pèp Izrayèl yo va rive yon kote pou yo rete, chak moun va moute tant yo toupre làbanyè yo, anba ti drapo branch fanmi zansèt yo. Y'a moute tant yo devan ak sou kote Tant Randevou a, men pa twò pre l'.
Numbers 24:9Pèp Izrayèl la chita atè a, l' ap pran repo, tankou yon lyon, tankou yon fenmèl lyon. Lè l'ap dòmi, ki moun ki ka penmèt yo leve l'? benediksyon pou tout moun ki mande benediksyon pou pèp Izrayèl la! Madichon pou tout moun k'ap mande madichon pou pèp Izrayèl la!
2 Samuel 1:23Sayil ak Jonatan, yonn te renmen lòt! Toujou ansanm nan lavi, ansanm ansanm tou nan lanmò! Pi veyatif pase malfini, pi vanyan pase lyon.
Isaiah 40:31Men, Seyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Ezekiel 1:10Chak bèt te gen kat figi: yon figi moun sou devan, yon figi lyon sou bò dwat, yon figi bèf sou bò gòch ak yon figi malfini sou dèyè.
Ezekiel 10:21Yo chak te gen kat figi, kat zèl ak yon fòm men moun anba chak zèl.