Apokalips 5:1
Apre sa, mwen wè yon liv nan men dwat moun ki te chita sou fòtèy la. Liv la te gen fòm yon woulo papie, li te ekri sou anndan ak sou deyò. Li te sele sèt kote.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 29:11Nou pa ka konprann tou sa Bondye fè nou konnen la a. Y'ap tankou yon liv yo sele. Si nou pote l' bay yon moun ki konn li pou nou mande l' li l' pou nou, l'ap reponn nou li pa kapab, paske liv la sele.
Ezekiel 2:9M' gade, mwen wè yon men lonje sou mwen. Li te kenbe yon woulo liv tou fèmen.
Daniel 12:4Li di m' ankò: -Bon. Koulye a, Danyèl, fèmen liv la. Sele l' byen sele jouk lè a va rive pou tout bagay fini. Anpil moun pral bat kò yo pou yo konprann sa k'ap pase. Lè sa a, plis konesans pral gaye toupatou sou latè.
Revelation 5:7Ti Mouton an pwoche, li pran liv la nan men dwat moun ki te chita sou fòtèy la.
Revelation 6:1Apre sa mwen wè ti Mouton an kase yonn nan sèt sele yo. Lè sa a, mwen tande yonn nan kat bèt vivan yo pale, ou ta di yon kout loraj. Li di: Vini non!
Revelation 10:8Apre sa, vwa mwen te tande sot nan sièl la pran pale avè m' ankò. Li di mwen konsa: Ale pran ti liv ki louvri nan men zanj ki kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan.