Apokalips 5:11
Mwen gade ankò, mwen tande vwa yon bann zanj: Yo te tèlman anpil, moun pa t' kapab konte yo. Yo te kanpe fè wonn kote fòtèy la te ye a ansanm ak bèt vivan yo ak granmoun yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 22:19Miche pran lapawòl ankò li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li.
Psalms 68:17(068:18) Seyè a gen anpil cha! Li moute sou yo. Li soti mòn Sinayi pou li al kote ki apa pou li a.
Psalms 148:2Se pou nou tout zanj li yo fè lwanj li. Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li.
Hebrews 12:22Okontrè, nou pwoche bò kot Mòn Siyon an, bò kot lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo.
Revelation 4:6Devan fòtèy la tou te gen yon bagay ki te sanble yon lanmè an glas ki klere kou kristal. Toupre fòtèy la, te gen kat bèt vivan kanpe yonn nan chak direksyon. Yo te gen anpil je devan kou dèyè.
Revelation 5:6Mwen wè yon ti Mouton kanpe nan mitan fòtèy la, nan mitan kat bèt vivan yo ak granmoun yo. Ti Mouton an te tankou yon mouton yo te touye deja. Li te gen sèt kòn ak sèt je nan tèt li: se te sèt Lespri Bondye te voye toupatou sou latè.