Apokalips 5:8
Lè li pran liv la, kat bèt vivan yo ansanm ak vennkat granmoun yo tonbe ajenou devan ti Mouton an. Yo chak te gen nan men yo yon gita pou fè mizik ak yon gode fèt an lò ki te plen lansan. Lansan an se lapriyè moun Bondye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Ti Mouton an pwoche, li pran liv la nan men dwat moun ki te chita sou fòtèy la.
Cross References
Psalms 43:4Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a, Bondye ki fè kè m' kontan an, Bondye k'ap fè m' fè fèt la. M'a jwe enstriman mizik pou Bondye, pou Bondye pa m' lan.
Psalms 141:2Se pou lapriyè m' moute devan ou tankou lansan y'ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m' leve men m' pou m' lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a.
John 5:23Konsa, tout moun va gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Moun ki pa respekte Pitit la, li pa gen respè pou Papa ki voye l' la non plis.
Philippians 2:9Se poutèt sa, Bondye leve l' mete chita kote ki pi wo a. Li ba li yon non ki pi gran pase tout lòt non.
Revelation 4:4Tout arebò fòtèy la te gen vennkat lòt fòtèy ak vennkat granmoun chita sou yo. Granmoun yo te gen rad tout blan sou yo, ak yon kouwòn an lò sou tèt yo chak.
Revelation 4:10vennkat granmoun yo tonbe ajenou fas atè devan moun ki chita sou fòtèy la, yo adore moun ki vivan pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan fòtèy la. Yo di: