Apokalips 5:9
Yo t'ap chante yon kantik tou nèf ki pati konsa: Wi, ou merite vre, ou kapab pran Liv la pou kase sele yo, paske yo te touye ou. Se konsa ou bay san ou pou achte yon bann moun pou Bondye, moun tout ras, tout lang, tout pèp, tout nasyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 40:3(040:4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m' fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Seyè a.
Psalms 98:1Se yon sòm. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la.
Psalms 149:1Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini!
Daniel 3:4Yonn nan moun ki te konn fè piblikasyon yo pran pale byen fò, li di: -Nou menm moun tout nasyon, moun tout ras ki pale tout kalite lang, men lòd yo ban nou.
Daniel 6:25Apre sa, wa Dariyis ekri yon lèt voye bay tout moun sou latè, moun tout peyi, moun tout ras ki pale tout kalite lang. Li di yo: -Mwen mande pou nou viv ak anpil kè poze!
Matthew 26:28Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo.