Apokalips 6:12
Apre sa, mwen wè ti Mouton an kase sizièm sele a. Lè sa a, yon gwo tranblemanntè fèt, sòlèy la vin tou nwa, tankou yon gwo moso twal nwa byen pwès. Lalin lan menm te vin tou wouj tankou san.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 13:9Jou Seyè a ap rive. Seyè a ap san pitye, l'ap fè gwo kòlè, l'ap move anpil. L'ap fè tè a tounen yon dezè, l'ap disparèt dènye moun k'ap fè sa ki mal!
Isaiah 29:6Seyè ki gen tout pouvwa a ap parèt sou ou, avèk gwo van loraj, tranblemanntè, ak yon pakèt gwo bri, avèk siklòn, van tanpèt ak gwo flanm dife k'ap boule.
Isaiah 60:19Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Seyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou.
Joel 2:10Tè a souke lè y'ap mache vini. Syèl la tranble. Solèy la ak lalin lan vin tou nwa, zetwal yo pa klere nan syèl la ankò.
Joel 3:15Solèy la ak lalin lan vin tou nwa. Zetwal yo pa klere nan syèl la.
Amos 8:9Men pawòl Seyè a, Bondye a: Jou sa a, m'ap fè solèy la kouche gwo midi. Fènwa ap tonbe sou peyi a gwo lajounen.