Apokalips 6:14
Sièl la disparèt nèt tankou yon woulo papie yo vlope. Yo rache tout mòn yo ak tout zile yo, yo mete yo yon lòt kote.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 102:26(0102:27) Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote.
Isaiah 34:4Tou sa ki nan syèl la, solèy, lalin ak zetwal yo, pral disparèt. Yo pral woule syèl la tankou yon woulo papye pote ale. Tou sa ki nan syèl la pral tonbe tankou fèy pye rezen ak fèy pye fig frans lè y'ap jete fèy.
Jeremiah 3:23Se pou gremesi nou t'ap fè tout bri sa yo sou tèt mòn yo. Yo pa ka fè anyen pou nou. Wi, se Seyè a, Bondye nou an, sèl ki ka sove pèp Izrayèl la.
Jeremiah 51:25Babilòn, ou tankou yon gwo mòn kote moun k'ap ravaje tout latè a soti. Koulye a, mwen pral regle avè ou. Mwen pral mete men sou ou. M'ap fè ou degrengole desann soti nan tèt wòch yo. M'ap fè mòn lan tounen yon gwo boukan dife.
Nahum 1:5Gwo mòn yo tranble lè yo wè l'. Ti mòn yo disparèt. Tè a tranble devan l' ansanm ak tout moun ki rete sou li.
Habakkuk 3:10Mòn yo wè ou, yo pran tranble. Gwo lapli ap tonbe soti nan syèl la. Dlo anba tè yo ap gwonde. Gwo lanm lanmè ap leve byen wo.