Apokalips 6:15
Tout wa sou latè, chèf, kòmandan, moun rich, grannèg ansanm ak tout lòt moun, kit yo esklav, kit yo lib, yo tout al kache nan twou wòch ak dèyè gwo wòch nan mòn yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 10:16Men, senk wa yo te kouri chape, y' al kache nan gwòt Makeda a.
1 Samuel 13:6Moun pèp Izrayèl yo wè zafè a pa t' bon pou yo menm. Moun Filisti yo te atake moun pèp Izrayèl yo ak fòs. Pèp Izrayèl la vin pèdi espwa. Sa pa t' bon menm pou yo. Gen ladan yo ki al kache nan gwòt, nan twou wòch, dèyè gwo wòch, nan pi, nan twou anba tè.
Psalms 2:10Koulye a, nou menm wa yo, manyè konprann. Nou menm k'ap dirije moun sou latè, manyè koute.
Psalms 76:12(076:13) Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l'.
Isaiah 2:10Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Seyè a. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li va parèt aklè.
Isaiah 2:21Lè Seyè a va vini pou l' fè tè a tranble, yo pral kache kò yo nan twou wòch, yo pral fouye twou anba tè. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè.