Apokalips 6:16
Yo t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Paske, gwo jou kòlè a rive. Ki moun ki ka kenbe tèt avèk li?
Cross References
Psalms 14:5Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo.
Psalms 110:5Seyè a kanpe sou bò dwat ou. Lè l' ankòlè l'ap krabinen wa yo.
Hosea 10:8Yo gen pou yo fè disparèt tout kote pèp Izrayèl la te konn adore zidòl sou mòn Betavenn yo. Pikan ak raje ap pouse sou lotèl yo. Moun yo va rele, y'a mande mòn yo pou tonbe sou yo, y'a mande ti mòn yo pou kache yo.
Matthew 26:64Jezi reponn li: Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' ap vini sou nwaj yo nan syèl la.
2 Thessalonians 1:7Kanta pou nou menm k'ap soufri koulye a, la ban nou repo ansanm avè m' lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa.
Revelation 4:5Kout zèklè t'ap pati soti nan fòtèy la ansanm ak mizik ak kout loraj. Te gen sèt flanbo limen ki t'ap boule devan fòtèy la; se sèt Lespri Bondye yo.