Apokalips 6:17
Paske, gwo jou kòlè a rive. Ki moun ki ka kenbe tèt avèk li?
Bib La
In The King James Version
For the great day of his wrath is come; and who shall be able to stand?
In Context
Cross References
Psalms 76:7(076:8) Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè?
Isaiah 13:6Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Seyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l' devaste tè a.
Joel 2:11Seyè a ap mache alatèt lame li a: l'ap pase yo lòd. Lame a anpil. Yo gwonèg: Y'ap fè sa li ba yo lòd fè a. Ala yon gwo jou se jou Seyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a?
Zephaniah 1:14Wi, gwo jou Seyè a pa lwen rive. Sa pral yon gwo jou vre. Li pa lwen rive. L'ap rive byen vit. Jou sa a, sa pral rèd nèt! Ata sòlda ki pi vanyan yo pral rele anmwe.
Luke 21:36Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan; konsa n'a gen fòs pou n' chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n' ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a.
Jude 1:6Chonje tou ki jan zanj ki pa t' rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l' te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la y'ap tann gwo jou jijman an.